FONDASYON KOLE ZEPÒL (FONKOZE) la toutan pou li pwoteje « Enfòmasyon Pèsonèl » ke yo te mande ou lè ou t ap ranpli fòm Aplikasyon teknolojy EDTEK la.
Avi sou Konfidansyalite sa a eksplike ki sa politik konfidansyalite nou ye, pou ou konprann kijan yo itilize Enfòmasyon Pèsonèl ou yo lè ou sèvi ak Aplikasyon an.
Chak fwa ke ou louvri oswa jwe sou Aplikasyon an ou deklare aklè ke ou otorize Aplikasyon an sèvi ak Enfòmasyon Pèsonèl ou yo.
Nou kolekte legalman Enfòmasyon Pèsonèl nan men itilizatè yo. Se pa nan vòlè oswa nan twonpe moun ke nou jwenn enfòmasyon sa yo.
Aprè ou fin li Avi sou Konfidansyalite sa a, ou lib pou ou deside si ou dakò oswa si ou pa dakò pou FONKOZE sèvi ak Enfòmasyon Pèsonèl ke ou te bay lè ou tap ranpli fòm Aplikasyon an. Si ou di ou pa dakò pou yo sèvi ak Enfòmasyon Pèsonèl ou yo sa vle di tou ke ou p ap ka sèvi ak Aplikasyon an.
FONKOZE bay tèt li dwa pou li chanje Avi sou Konfidansyalite sa a chak fwa ke li vle konfòme Li ak tout nouvo kondisyon sou estanda ak lalwa oswa si li kwè ke sa va ede li bay pibon sèvis ak jwenn plis materyèl pou Aplikasyon an. Kidonk, FONKOZE gen dwa aktyalize tanzantan Avi sou Konfidansyalite sa a. Nou envite ou li atik sou Avi sou Konfidansyalite an tanzantan pou ou konnen ki dènye chanjman yo fè landan li. Si gen chanjman, FONKOZE pral avèti ou nan Aplikasyon an ki chanjman ki fèt ak ki lè pou ou aplike yo.
ENFÒMASYON PÈSONÈL
Dapre lalwa epi dapre Aplikasyon sa a, konsèp « Enfòmasyon Pèsonèl » vle di tout enfòmasyon sou yon moun natirèl ki idantifye oswa ke yo ka idantifye. Kidonk, Avi sou Konfidansyalite sa a gen kèk « Efòmasyon Pèsonèl » ladan li tankou :
Nimewo telefòn
Pwemye non
Siyati
Imèl
Sèks (Gason/Fi)
Vil
Depatman
Dat ou fèt
Foto
Anjerenal, nou pral sèvi ak ekipman elektwonik oswa otomatik pou nou travay ak Enfòmasyon Pèsonèl ou yo.
Apa Enfòmasyon Pèsonèl sa yo ki diskite piwo, FONKOZE pa pral mande ou bay enfòmasyon ki twò pèsonèl, oswa twò sansib/delika, epitou ki ta bezwen yon pwoteksyon espesyal. Kidonk, si ou ajoute, pibliye, oswa pataje Enfòmasyon Pèsonèl ki twׇò sansib/delika nan kont itilizatè ou sa vle di ke ou dakò, yon jan kanmenm, pou ke yo sèvi ak yo.
Si sa ta rive, FONKOZE pwomèt ke la pral pran anpil prekosyon lè lap sèvi ak Enfòmasyon Pèsonèl sansib/delika ou yo. Sepandan, malgre sa FONKOZE mande ou pa piblye oswa pataje Enfòmasyon Pèsonèl sansib/delika nan Aplikasyon an.
Nap tou pwofite di nou ke gen moun, òganizasyon oswa otorite, kit yo nan peyi a kit yo lòt bò dlo, ki ka sèvi ak Enfòmasyon Pèsonèl ou yo pou rezon ke nou te eksplike piwo nan Avi sou Konfidansyalite a.
Sa vle di ke nou gen dwa kominike enfòmasyon pèsonèl ou yo bay :
Konpayi afilye, sikisal ak branch epi/oswa asosye nou tankou FONKOZE ki nan tout lòt peyi yo.
Moun, konpayi oswa biwo pwofesyonèl ki bay asistans oswa sèvis konsey sou kontabilite, jesyon, kesyon legal, taks ak finans ki gen rapò ak Aplikasyon an.
Moun, konpayi oswa otorite ki gen dwa resevwa Enfòmasyon Pèsonèl sa yo dapre lalwa, oswa lòd otorite yo.
Moun, delege ak/oswa òganizasyon ki responsab sèvis Aplikasyon an ofri sèlman ak sèvis antretyen teknik (tankou tout ekipman rezo ak rezo kominikasyon elektwonik).
Patnè komèsyal (administratè endepandan ki okipe pwòp Enfòmasyon Pèsonèl payo) ki bay sèvis ke nou mande pou ou epi ki travay ansanm ak nou.
Otorite responsab yo.
Patnè nou, asosye, travayè, ouvrye, anplwaye, founisè sèvis ki gen rapò ak Aplikasyon an.
Tout lòt moun oswa òganizasyon ki gen rapò dirèk ak Aplikasyon an.
OBJEKTIF KOLEKSYON AK ITILIZASYON ELEKTWONIK ENFÒMASYON PESONEL YO
Objekif koleksyon ak itilizasyon elektwonik Enfòmasyon Pèsonèl yo pèmèt nou sèvi ak Aplikasyon sa a. Sa vle di ke pwosesis sèvi ak enfòmasyon pèsonèl yo pral ede nou bay sèvis ou te mande yo lè ou tap Jwe ak lè ou tap kreye kont ou.
FONKOZE pral sèvi ak Enfòmasyon Pèsonèl ke li resevwa nan men ou pou li fè yon analiz, estatistik ak etid sosyo-ekonomik sou itilizatè yo. Travay sa a pral ede itilizatè ki anrejistre nan Aplikasyon an fè plis ekonomi.
Yon lòt objektif Enfòmasyon Pèsonèl se antretyen, jesyon, founiti, ogmantasyon ak amelyorasyon tout sèvis ou te mande lè ou tap anrejistre, enskri ak itilize Aplikasyon an dapre preferans ou. Sa pral ede konnen kijan sèvis yo ap mache, kilè pou aktyalize yo ak kilè pou voye – nòmalman oswa elektwonikman – enfòmasyon teknik, enfòmasyon sou operasyon ak enfòmasyon komèsyal sou pwodwi ak sèvis Aplikasyon an ofri. Enfòmasyon Pèsonèl yo ede nou voye fòm pou fè sondaj, men nou pa oblije ranpli yo.
Enfòmasyon Pèsonèl yo pral ede FONKOZE fè travay li nan :
Tcheke enfòmasyon li resevwa pou wè si yo kòrèk. Tcheke idantite yo tou.
Bay tout sèvis jeneral ak tout lòt sèvis kliyan an mande.
Enfòmasyon Pèsonèl sèvi tou nan lòt aktivite ki pa gen rapò dirèk ak sèvis Aplikasyon an men ki pèmèt nou bay pibon sèvis toujou, tankou:
Ofri pwodwi ak sèvis.
Ofri pwodwi ak sèvis konpayi afilye yo.
Fè bonjan reklam ; avèti ke sèvis yo aktyalize ; fè piblisite jan ou chwazi an.
Ou konfime ke Enfòmasyon Pèsonèl ou bay FONKOZE yo kòrèk epitou, ou dakò pou ou enfòme FONKOZE si gen chanjman ladan yo.
REZO SOSYAL
Rezo sosyal (tankou Facebook®, Instagram® ak Twitter®) se yon platfòm kominikasyon/entèkoneksyon ak platfòm dijital lòt itilizatè. Platfòm sa a pa nan rezo FONKOZE la kidonk li pa anba responsabilite FONKOZE.
FONKOZE itilize rezo sosyal tankou tout lòt moun sa vle di ke li pa responsab Enfòmasyon Pèsonèl ke ou mete sou rezo sa yo. Avi sou Konfidansyalite a pa pwoteje enfòmasyon ilizatè bay sou rezo sa yo. Se moun ki pibliye yo ki responsab yo.
Nenpòt ki moun ka wè, pran oswa sèvi ak nenpòt ki enfòmasyon ou mete sou rezo sosyal sa yo oswa sou fowòm diskisyon yo oswa sou mesaj FONKOZE. Kidonk, ou responsab pou ou jere Enfòmasyon Pèsonèl ou sou rezo sosyal sa yo.
Ou se mèt Enfòmasyon Pèsonèl ou sa vle di ke ou gen dwa mande FONKOZE ba ou aksè sou Enfòmasyon ou yo, korije yo, anile yo oswa mete opozisyon. Pa egzanp :
- Dwa aksè.- Ou gen dwa konnen kisa yo mete nan Enfòmasyon Pèsonèl ou ki nan baz done FONKOZE, ki itilite yo, ki kote yo sòti ak kijan yo kominike yo.
- Dwa korèksyon.- Ou gen dwa konnen si yo korije oswa aktyalize Enfòmasyon Pèsonèl ou oswa si yo pa kòrèk oswa si yo manke enfòmasyon ladan yo. Ou gen obligasyon avèti FONKOZE lè gen changman nan Enfòmasyon Pèsonèl ou sitou lè se ou ki fè chanjman yo epi se ou sèl ki konnnen yo.
- Dwa anilasyon.- Ou gen dwa mande yo wete Enfòmasyon Pèsonèl ou nan baz done FONKOZE. Demann anilasyon sa a pral lakòz kont la bloke pandan yon tibout tan anvan yo wete enfòmasyon yo.
- Dwa opozisyon.- Ou gen dwa gen bon rezon ki fè ou pa dakò sou kijan FONKOZE ap sèvi ak Enfòmasyon Pèsonèl ou yo. Nan ka opozisyon sa yo, ou pral resevwa kèk kominikasyon kap mande ou si ou vle yo wete non ou sou lis distribisyon yo.
Li enpòtan pou nou konnen ke pafwa nou pa ka fèmen kont yo rapidman paske sa ka rive ke otorite ak lalwa mande nou pòko fèmen kont lan kidonk nou oblije respekte lalwa ak sa li mande. Epitou, pa bliye ke anilasyon konsantman ou vle di ke nou p ap ka kontinye ba ou sèvi ak Aplikasyon an.
KONTAK
Tanpri voye yon mesaj bay FONKOZE pou nenpòt ki kesyon, enfòmasyon ak/oswa demann sou rèspè dwa ou.